top of page

Nouvote

SixtFrntJPEG_edited_edited.jpg
Maurice Sixto: on pwojè etnografik
sou bit odyansay
Rozevel Jean-Baptiste

Lè nou pran tan pou nou koute chak istwa Sixto, nou tan­de on seri tèm k ap rebondi, sot nan youn tonbe nan lòt; nou rankontre pèsonaj ki sanble tèt koupe, nan abiman, nan pa­wòl; nou rankontre sikonstans ki sanble yo donnen menm ko­te… e sa pèmèt nou idantifye modèl-tèm, modèl-pèsonaj, modèl-sikonstans.
 

Se depi nan Lea Kokoye Sixto fouye fondasyon pwojè etnografik la. Lea Kokoye se tankou bwa travès ki soutni tout chapant chato etnografik Sixto a. Chak tematik ki parèt nan Lea Kokoye, Sixto pral devlope yo pi devan nan yon istwa oubyen nan plizyè lòt istwa.

Pwojè Sixto a, se pa t fè moun rasanble pou l bay odyans, men se te on pwojè dekoud tout kouti fil blan sosyete nou an pou l wè sa k anba yo—on pwojè demonte tout sistèm leve-jwenn nou yo, pyès pa pyès, pou l etidye yo, pou l mete yo devan je nou.

144 paj

ISBN Number: 978-0-9991350-4-4

$20.00

bottom of page