top of page

Maniskri

Copying Down
Typing on a Typewriter
Typing on Laptop

Maniskri

Depatman maniskri

Nou li tout maniskri nou resevwa. Men fòk yo tape nan fòma Word, font Times New Roman, 12 pwen oubyen nan on lòt font ki lizib. Non ou dwe parèt sou paj tit la ansanm ak on adrès imel pou nou kontakte ou.

 

Si ou bezwen plis enfòmasyon oubyen si ou bezwen voye maniskri ban nou, sèvi ak adrès imel sa a: 

manuscrits@editionsjb.com.

Ou gendwa voye maniskri a sou fòm dokiman sou papye nan adrès sa a:

Éditions JB

Depatman maniskri

110 Cooper Street #63

Babylon, NY 11702

Lè ou ap voye on maniskri pa lapòs, toujou voye l ak on fich ki gen non ou, siyati ou, adrès lapòs ou ak adrès imel ou.

N ap fè ou konnen desizyon nou pran sou maniskri a pa imel, soti 3 mwa rive 6 mwa apre nou fin resevwa tèks ou a. Maniskri nou pa aksepte yo, nou pa voye yo tounen bay otè yo: nou elimine yo

bottom of page